Gwog mwen

{title: Gwog mwen}
{artist: Gérard Dupervil}
{x_UGNG_category: Guajira, Antilles}


[G][C][D][C]
Woo, konnen m'se tchoul, M'pa vle travay,
W mete'm chita, w'ap fè'm pase on tray
Ala mizè pou yon jenn gason, k'pape travay
Men ki pito fè tchoul.

Ou kwit diri a, ou pa janm ban mwen'l
Mayi moulen an, ou ban mwen'l pa bokit
Douz grenn bannann sou kòf lestomak mwen
Ay Ay Ay Manman cheri mwen, gen ti pitye pou mwen, O!

Gwòg mwen, ti sigarèt mwen, ti alimèt mwen,
Se ou k'pou ban mwen'l...

Woo, Manman cheri mwen, konnen m'renmen'w,
M mande'w padon, pa fè'm pase mizè,
Depi maten ou leve ou soti,
Lè ou tounen, w tounen ak on lòt matcho

Se tchoul, se tchoul
Gen de bagay, gen de bagay m'pap janm ka eksplike
Sèl mwen'k konnen, sèl mwen'k konnen,
Ay Ay Ay Manman cheri mwen, gen ti pitye pou mwen, O!

Gwòg mwen, ti sigarèt mwen, ti alimèt mwen,
Se ou k'pou ban mwen l...


{comment: Traduction française}
Oh! Tu me savais paresseux, je ne travaille pas,
Désoeuvré, je subis tes avanies,
Quelle misère pour un jeune homme au chômage
qui préfère parasiter.

Tu cuis ton riz, jamais tu ne m'en donnes,
Mais ton maïs moulu c'est par tonnes,
Et tes plantains, j'en mange par douzaines,
Aïe Aïe Aïe, ma chérie, pitié!

Mon grog, mes cigarettes, mes allumettes,
Chérie, tu dois me les fournir..

Oh! Ma chérie, tu sais que je t'adore,
Je t'en supplie, ne me fais plus souffrir.
Tu pars au matin et au retour,
Tu reviens avec un autre.

Gigolo! Profiteur!
Il y a de ces choses que ne saurais dire,
Mais moi je les vis et les subis!
Aïe Aïe Aïe, ma chérie, pitié!

Mon grog, mes cigarettes, mes allumettes,
Chérie, tu dois me les fournir..